Barikad Crew

Tof Lyrics

Tof video

Barikad Crew
Overview
Votes:
0
Wrong lyrics?

Barikad Crew - Tof lyrics

BRICKS/HYPE Intro
Han…Atansyon, sa s'on rèd vibrasyon [Tòf!] San presyon, nou fè'l gran dimansyon [Rèd!] Distraksyon, edikasyon yon nasyon [Ah!] Jenerasyon sa pra'l pase alaksyon [Yes!] Revolisyon'n nan tèt nou, n'ap mache an pwogresyon Motivasyon'n nan kè nou, n'ap bay jèn yo direksyon Imilyasyon'w, echèk ou, dwe ba ou plis konviksyon Pran desizyon grandèt nou, se sèl solisyon ----
KONDAGANA
Lajenès yon peyi se pi gwo trezò'l Pigran yo ki pou tj pwoteje sò'l Ba'l opòtinite pou li jwe gran wòl Pa souzestime li apresye efò'l Fo lidè sa yo ba'n twòp koze kremòl Yo vle divize'n, fè nou fè sa'k dwòl An'n kole zepòl An'n prime lekòl Non nou pa dwe ret bra kwaze tann leta Rejete tout vye pratik kap ban'n reta Fo'n travay plis, remet peyi'n anneta An'n chanje sa, an'n chanje sa!... Non nou pa dwe ret bra kwaze tann leta Rejete tout vye pratik kap ban'n reta Fo'n travay plis, remet peyi'n anneta Fo'n, pa bliye, ke istwa'n, se idantite'n... -----
BRIDGE IN]Oo ooooh! Oo ooooh! [Ahahaha] Se kou'l cho'l kwit!
Oo ooooh! Oo ooooh! [Ouuuhh]
Se kou'l cho'l kwit!
Oo ooooh! Oo ooooh! [Gad jan yon T cho!] Se kou'l cho'l kwit!
Oo ooooh! Oo ooooh! [Pare tas nou!] -----

IZOLAN
Chak ane malad BC yo pou yo n'toujou pote T a Yo te met te nan koma depi'n lage yo vle fete a Tout jenès la renmen nou paske yo wè nou pa sou blòf Konbinezon, difikilte, nan mitan tout nou kanpe tòf Wi tout sa'k ta vle vin kraze nan figi yo'n met barikad Se pa vizaj sa'n te bay ane chanje fò'n chaje kad Pou lòt peyi n'pa ka poubèl yo Fò blan sispann fè'n fè lago An nou tout rezoud problèm yo Nou fè kita men'n poko nago

REFREN
N'oblije kanpe tòf Kon Wa Anri Kristòf Nan peyi sa fò'w gen etòòòòòf Nou bouke pran nan blòòòòòòf
N'oblije kanpe tòf [tòf tòf] Kon Wa Anri Kristòf [ktistòf kristòf] Nan peyi sa fò'w gen etòòòòòf Nou bouke pran nan blòòòòòòf
[N'oblije kanpe tòf] ----
BRICKS
N' tèlman kanpe Tòf pirèd ke bwa kita nago Yo di jèn yo santi ke nou pap fè yon pa nago [Ooow] Se nou'k avni ou ka pa pran'n pou sa'n pa vo Menmjan gen ti vini'k vle diss BC pandan ke yo pa vo'l [Ahh!] Yon ayisyen yon pye bwa pou nou s'on fyète (wiiiiiiii) Kit ou Milat kit ou Nwa jwenn tou pou'n mete (Bwa!) Sak rekonèt nou se tenò nap ba yo holla E sa ki ret tèt rèd kou kwatchòkò nap ba yo traka
----
REFREN

[Kanpe tòf!]
Jèn Pòtoprens [Kanpe tòf! Kanpe tòf!] Jèn nan pwovens [Kanpe tòf! Kanpe tòf!] Elèv lekòl [Kanpe tòf! Kanpe tòf!] Tout etidyan [Kanpe tòf! Kanpe tòf!] Tout atis [Kanpe tòf! Kanpe tòf!] Tout spòtif [Kanpe tòf! Kanpe tòf!] Tout peyizan'n yo [Kanpe tòf! Kanpe tòf!] Nèg geto'n yo [Kanpe tòf! Kanpe tòf!] -----
FANTOM
Depi lontan nape travay Wi nan studio nape bat nay Koman fè pou'n pa ta kanpe tòf [Nou se Tenò!] Plede mache di nou se djab Si'w pa respekte Barikad Tout maskarad sal n'ap di yo vouzan! (Bakalaw!)
Wach manman!] Devan, dèyè, adwat, agoch, tout moun se [Wach manman!] Fanatik Rap ki nan foul la pa pouse [Wach manman!] Barikad Crew toupatou ap met dife [Wach manman!] Nou se pwalou! (Ou pa renmen'l vreee!)
---- Pou jenès la nape batay Pou'n rive la nou pase tray Koman fè pou'n pa ta kanpe tòf [Nou se Tenò!] Plede mache di nou se djab Si'w pa respekte Barikad Tout maskarad sal nap di yo vouzan! [Bakalaw!]Barikad Crew - Tof - http://motolyrics.com/barikad-crew/tof-lyrics.html
[Wach manman!] Devan, dèyè, adwat, agoch, tout moun se [Wach manman!] Fanatik Rap ki nan foul la pa pouse [Wach manman!] Barikad Crew toupatou ap met dife [Wach manman!] Nou se pwalou!… -----
BRITAL
Sèl solisyon pou'n vanse Pran pozisyon moralite Plis motivasyon pou'n lite Konsyantisasyon pou'n chanje Mobilizasyon pou'n plante Plis edikasyon pou'n prime [Hip Hop Kreyòl!] Twòp imilyasyon nou bouke Nou pot vibrasyon pou'w ponpe
[Weyyy!] Yon sèl peyi [Weyyy!] Yon sèl drapo [Weyyy!] Menmlè nap soufri [Weyyy!] Nou pa pè fado [Weyyy!] Jeunesse de mon pays [Weyyy!] wi'm konn sa nou vo [Weyyy!] Lè BC anvayi [Weyyy!] Nou fè'l pi cho!

BREAK BRICKS/HYPE
Yo Hype! Big mann! F'on poz! Moun yo ap fè ovèdoz! Non! Nou pa ka stop! [SoundProf] N'ap push li to the top… Red People let's go!

ANIMATION: FANTOM/HYPE
Do you get enough? No Do you get enough? No Do you get enough? No Do you get enough? No
Eske'n kanpe tòf? Wi Eske'n kanpe tòf? Wi Eske'n kanpe tòf? Wi Eske'n kanpe tòf? Wi [Britality]
BRITALITY

FANTOM

BRITALITY+TONYMIX

KORAL+TONYMIX
Ooooooooooo [Vidip Biw!] Ooooooooooo [Blip Biw!] Ooooooooooo [Vidip Biw!] Ooooooooooo [Blip Biw!]
Ooooooooooo [Vidip Biw!]
Ooooooooooo [Vidip Boom! Blooooooo!… Se la'n tap tann yo a!…

Depi lontan nape travay Wi nan studio nape bat nay Koman fè pou'n pa ta kanpe tòf [Nou se Tenò!] Plede mache di nou se djab Si'w pa respekte Barikad Tout maskarad sal nap di yo vouzan!

KORAL 2
Ooooooooooo Ooooooooooo Ooooooooooo Ooooooooooo [Nou se pwalou!]
[Ti Joël] ҅apa'w frete tèt ò'w !

Write a comment

What do you think about song "Tof"? Let us know in the comments below!

Recommended songs